Un terreno baldío, lo que fue y lo que podría ser

Un terreno baldío, lo que fue y lo que podría ser - Yon dezè, sa li te ye e sa li ka ye

En zonas de extracción agrícola, aún más que en otras partes, la tierra como el agua son recursos. 
Un terreno sin uso, ahí donde casi todas las tierras se han vendido a la agroindustria, podría volverse un lucrativo almacén o campamento para trabajadores temporeros. 
Ocupar un pedacito de tierra aún no acaparado por la industria, ahí frente a la capilla, no fue un acto revolucionario sino la posibilidad de experimentar otras formas de habitar. Diferentes de las dinámicas impuestas por el extractivismo.
En un imperfecto intento para recuperar saberes sobre el cuidado de la tierra y sus frutos, llegamos a reflexionar sobre cómo nutrimos nuestros cuerpos y nuestras mentes. En ese proceso, procuramos hacer que suene la diversidad de las voces y cantos del territorio, aprovechando de revelar desde múltiples miradas el sentido político del abandono. 
En zonas de olvido hace falta un jardín para recuperarse. En zonas de hambre, una mesa compartida para reponerse. En zonas de sacrificio, un refugio para decirse soberanxs.
Pero sin agua y sin tiempo, a ratos no queda más que el paso cíclico y fantasmático de lxs habitantes por lo que no será más que una utopía por temporadas.
No queda más que medir la capacidad colectiva para resignificar los paisajes. Y recordar que Santa Inés es una experiencia de comunidad que nunca empieza realmente, ni tampoco acaba.
Podríamos hablar de los brotes que no se regaron, de los huevos que no se incubaron. Pero también de las cosechas inesperadas, de las comidas improvisadas y las celebraciones espontáneas. Mejor hablemos de eso.

Yon dezè, sa li te ye e sa li ka ye

Yon dezè, sa li te ye e sa li ka ye

Nan zòn kiltivasyon agrikòl yo, pi fò pase nan lòt zòn yo, tè a tankou dlo a, se resous yo ye. 
Yon teren ki pou kont li, nan yon sektè kote majorite tè yo nan men endistri agrikòl, sa ka vin yon bèl biznis oubyen yon kan pou travè sezonye yo. 
Abite yon bout tè ki pokò nan men endistri a, isit la anfas legliz la, se pa t tankou fe revolisyon, sèlman kreye posiblite pou fe eksperyans yon lòt fason abite. Diferan pase sila yo ki enpoze pa endistri agrikòl la. 
Nan plede rekipere sajès moun sou dosye tè a ak fwi li yo, nou vin reflechi sou ki manje n ap bay kò ak lespri nou yo. Nan pwosesis sa a, nou te eseye fè yon jan pou anpil vwa ak anpil chante sonnen nan teritwa sa a, e nou te tou pwofite poze diferan je nou yo sou sans politik mo “abandone” a.     
Nan zòn yo leta konn bliye, yon jaden enpòtan pou moun ta refè yo. Nan zòn grangou yo, yon gwo tab enpòtan pou moun ta chita manje ansanm. Nan zòn sakrifis yo, yon refij enpòtan pou moun te ka di yo lib.
Men si pa gen dlo epi si pa gen tan, pafwa sèl sa a ki rete se pasaj abitan yo, siklik ak kokenn, nan sa k pa p plis pase yon rèv sezonye.
Pa rete plis pase kapasite kominote a pou bay tè sa a yon lòt siyifikasyon. Epi sonje Santa Inés se yon ekperyans kominotè ki pa janm komanse vre ni ki pa p janm tèmine.
Nou te ka pale sou ti plant yo ki manke wouze, e sou zè yo ki manke kouvay. Men tou, nou ka pale sou rekòlt inatandi yo, sou manje enpwovize yo, ak pati sipriz yo. Wi, nou mèt pale de sa.