Diciembre 2020

CULTIVAR LA FE MIGRANTE

En plena crisis sanitaria, un nuevo fin de semana se termina en la sede. También se acerca el fin de año. Luego de una tarde de música, entre ensayo e improvisación, se sueltan los sentires y nace espontáneamente un rezo protector.
Es que los pastores que han migrado hasta aquí, a parte de regar la huerta o aplicarse en las cosechas, también cultivan la fe de sus compañerxs.

“Nuestro padre que está en el cielo, bendecimos tu nombre Señor, te exaltamos, te agradecemos. Gracias por tu gracia, gracias por tu bondad, gracias por tu amor Senor, porque nos trajiste suerte para que tuviéramos una buena semana, sin desgracia ni accidente, querido Señor. Además Padre Dios Todopoderoso, muchos de nosotros estábamos en actividades laborales, Señor. Algunos estaban en una escalera Senor, o t r o s Senor Dios estaban con un capacho, otros con una pala, Señor Dios, una picota, cualquier herramienta Senor Dios. Te agradecemos por tus ángeles, tus Serafines que nos acompañaron. Ninguno de nosotros se accidentó durante la semana de trabajo Senor. – ¡Amen! –

Te agradecemos porque fue un favor que nos hiciste. Y no sabemos cuántas personas esta semana fueron enterradas, cuántas personas están ya acostadas en la morgue, cuántas personas que están en las camas del hospital. – ¡Gracias Señor! No es que seamos mejores que ellos. Hay gente durante esta mañana que está entrando a la morgue, que está ingresando al hospital, o que está acostada en su cama. Hay gente que vivió este día pero no alcanzó a llegar hasta este minuto, en el que estamos hablando, que no alcanzó a verlo Señor. Si nos haces este favor, no es porque seamos mejores que ellos, Señor Dios, sino porque proteges nuestras vidas. Te agradecemos, gracias Senor, te entregamos cada uno de los que están aquí Señor Dios. Especialmente el equipo de trabajo que vino de Santiago, Señor Dios, que pronto saldrán de vuelta a su casa. Y te pedimos por favor Senor Dios que nos acompañes. Cada uno de nosotros haitianos que los acompaña a ellos, que vivimos en Santa Inés y que nos dispersamos alrededor, en el Manzano y otras partes Senor. Ya saldremos para ir a nuestras casas, Señor Dios. Algunos iremos a pie. A algunos los van a ir a dejar, Señor Dios. Pero tomamos tu nombre, por favor Señor, para que el volante del auto no esté en manos de quien lo conduzca, sino en tus manos Señor. Para que cada uno llegue bien. Y volveremos de nuevo, el próximo fin de semana Señor. Que ellos siempre estén para compartir ideas juntos, para comer comida que preparamos juntos Señor. Y compartimos muchas ideas Senor, y adquirimos mucho conocimiento. Mientras la noche ya se acerca Señor, estamos entrando a otra semana. Te pedimos por favor, desde ya, que hagamos provisiones para esta semana. Creemos que esta semana no nos va superar, no va a superar al hombre Senor. Y sabes que llegamos a fin de año Señor Dios. No sabemos en este fin de año qué cantidad de sacrificios se están haciendo Señor, qué cantidad de magia y qué cantidad de conspiraciones se están tejiendo Señor. Pero sabemos que tu estas parado en la cruz

Señor, a pesar de todas las manipulaciones Señor Dios. Sabemos que tu ya estás protegiendo a la gente, Señor. Y no tendremos miedo de nada. Con la fuerza de tu muñeca separaste 7 continentes Señor Dios. Sabemos que pasaremos un excelente año

Señor Dios. Entraremos en un nuevo año. Que tu nombre sea bendecido Señor dios. Bendiga esta noche y bendiga la semana que viene.

Desanm 2020.

KILTIVE LAFWA MIGRATWA

Nan mitan kriz viris la, yon lòt wikenn pral fini nan lokal fen dane a pral rive tou. Apremidi a te pase nan jwe mizik. Nan mitan repetisyon ak enpwovizasyon yo, santiman komanse debòde jiskaske yo tounnen yon lapriyè pou mande pwoteksyion. Se poutèt pastè ki te vin isit yo pat sèlman vin wouze jaden ni redi kò yo nan keyi fwi. Se lafwa yo vin kiltive nan mitan zanmi yo.

“Papa nou ki nan syèl la, nou beni non ou Senyè nou ekzalte ou, nou di ou mèsi. Mèsi pou gras ou, mèsi pou bonte w, mèsi pou lanmou w Seigneur, paske ou te pòte nou chans pou nou te pase yon semèn an bye, san okenn malè aksidan pa te rive nou chè Seigneur. E ankò Pè Dye Toupwisan, anpil nan nou te nan aktivite travay Senyè. Gen pami nou ki te sou escalera (echèl) Senye, gen pami nou Senyè Dye ki te avèk yon capacho (sak rekòt) nan do nou Seigneur, gen pami nou ki te gen yon granmèl nan men nou, oubyen yon pèl, Senyè Dye, yon pikwa, cualquiera (nenpòt) Senyè Dye. Nou remèsye ou paske zanj ou yo, Serafen ou yo te akonpanye nou. Pat gen okenn nan nou

Senyè ki te aksidante semèn sa nan travay Senyè. – Amen! –

Nou di ou mèsi paske se yon gras. E nou pa konnen pandan semèn nan ki kantite moun ki deja anba tè, ki kantite moun ki deja kouche nan tirwa morg, ki kantite moun ki deja kouche sou kabann lopital. – Mèsi Senyè! – Se pa bon nou bon pase yo. Gen moun Senyè tout maten an kap rantre nan morg, tout maten an ap rantre nan lopital, oubyen yo kouche sou kabann lakay yo. Gen moun ki te pase jounen an men ki pa rive nan minit sa ke nap pale a, ki pa wè l Senyè. Men si ou fè nou gras se paske nou se pa moun bon pase sila yo, Senyè Dye, men se paske ou proteje lavi nou. Nou remèsye ou, nou di ou mèsi Senyè, nou remèt nan men ou chak moun ki la Senyè Dye. Spesyalman staff la Senyè Dye ki soti santyago, talè ki pral pran depa pou retounen lakay yo. E nap mande ou tanpri Senyè Dye Toupwisan wap akonpanye nou. Nou chak ankò ayisyen ki ankonpanye ansanm avèk yo, kap rete Santa Inés, ka p gaye epapiye patou Manzano e ayè Senyè. Nou pral pran depa pou nou ale lakay nou Senyè Dye. Gen nan nou se a pye nou pral ale. Genyen Senyè Dye se depoze yo pral depoze nou. Men nap pran non w, tanpri Senyè , ke volan machin nan pap nan men moun kap deyèl la, men se nan men w li va ye. Li va kenbe chak moun va rive anbyen Senyè. E nou va retounen ankò nan wikenn prochen kap vini Senyè. Pou yo toujou la pou nou pataje ide nou ansanm, manje nou prepare ansanm Senyè, e nou pataje anpil ide Senyè, e n aprann anpil konesans. Pandan nwit la deja ap aproche Senyè, nap antre nan yon lòt

semèn. Nap mande w tanpri depi kounyea pou nou fe pwovizyon Senyè. Pwovizyon semèn sa a, nou kwè ke semèn sa pap debòde nou, li pap debòde lòm Senyè. E ou konnen ke nou rive nan yon moman fen dane Senyè Dye. Nou pa konnen nan fen dane sa a ki kantite sakrifis kap fè Senyè, ki kantite maji ki kantite konplo kap bouyi Senyè. Men ou menm nou konnen wap kanpe an krwa Senyè, kelkeswa tire voye vini Senyè Dye, nou konnen ou menm wap deja bay moun yo proteksyon Senyè. E nou pap pè anyen. Avèk fòs ponyèt ou ou chire 7 tè Senyè Dye. Nou konnen nou va pase yon ekselant ane Senyè Dye nou va rantre nan yon nouvèl ane. Beni non w Senyè Dye, beni nwit la pou nou, beni semèn nan kap vini a. (…)”